Fondateur du média

Fondateur du média
Jameson LEOPOLD est Travailleur social et Gestionnaire. Il a fait des études de maîtrise en Sciences du développement à la Faculté d’Ethnologie et en Conseil et expertise en action publique à l’Université Toulouse 1 Capitole. Il est reconnu comme consultant en migrations et réintégration (déportation, retour volontaire et fuite des cerveaux), en renforcement institutionnel (création d’organisations, élaboration et gestion de projets) et en évaluation de projets. Fort de trois années d’études en linguistique, il a fondé Plume Souveraine et occupe actuellement le poste de directeur de la communication au sein du parti Konbit Pou Demokrasi.

mardi 9 septembre 2025

Èske se ChatGPT ki kraze lekòl ?

ENTWODIKSYON :

Tandiske kèk vwa ap leve pou akize zouti entèlijan tankou ChatGPT kòm responsab dekadans lekòl, lòt aktè ap montre valè li kòm zouti edikatif pwisan. Èske se ChatGPT ki “kraze lekòl”? Oubyen se fason nou, kòm sosyete, pa prepare pou entegre li ki lakòz kriz la?


PÒTE ANALITIK : 

Nan dènye tan sa yo, rezo sosyal ak diskisyon an piblik plen ak deklarasyon chokan sou zouti entèlijan tankou ChatGPT. Gen ki rele li “ènmi edikasyon,” ki panse li rann timoun parese, vin pa panse, epi abandone leson. Gen lòt ki rive di: “Si yon timoun itilize ChatGPT, li merite yon gifle.” Sa se pa sèlman yon reyaksyon emosyonèl, men li tradui yon *panik moral* tipik chak fwa yon inovasyon bouskile sistèm tradisyonèl yo.

Men an reyalite, se pa zouti a ki fè mal, se jan nou itilize li, oswa pito jan nou pa sèvi avè l ak entèlijans.


KONTÈKS :  

ChatGPT se yon modèl entèlijans atifisyèl ki kapab reponn kesyon, eksplike konsèp, ede ak redaksyon, korije tèks, epi menm jwe wòl pwofesè si li byen itilize. Sa pa nouvo: tout zouti ki te vini nan edikasyon (liv koreksyon, kalkilatris, Entènèt) te toujou fè fas ak rejeksyon okòmansman.


VRÈ PWOBLÈM NAN :

Pa gen fòmasyon pou pwofesè ak elèv sou itilizasyon zouti sa yo.

- Lekòl yo pa adapte kourikoulòm lan pou entegre teknoloji.

- Paran pa toujou konprann wòl zouti sa yo, ni kijan yo kapab sipèvize yo.


Se pa ChatGPT ki ranplase leson. Se mank pedagojik, mank vizyon, ak mank adaptasyon ki mete sistèm nan an difikilte.


POUKISA CHAT GPT KAPAB YON OPÒTINITE :

1. Soutyen pèsonalize : Li kapab reponn kesyon timoun pa t gen tan poze nan klas.

2. Travay korèkteman korije : Li ede elèv konprann erè yo.

3. Favorize lekti ak redaksyon : Li ka kreye modèl tèks ki ede elèv devlope vokabilè ak stil.

4. Edikasyon egalitè : Yon timoun nan zòn riral ka jwenn èd menm jan ak yon lòt nan vil.


ANALIZ KRITIK : 

Rele ChatGPT “ènmi lekòl”, se yon fason pou evite responsablite. Olye nou chèche boukliye, fòk nou chita sou kijan nou kapab mennen timoun yo sèvi ak li kòm zouti pou aprann epi pa sèlman kòm mwayen pou evite efò.


KONKLIZYON : 

Se pa tan pou voye jè sou teknoloji. Se tan pou nou mete edikasyon ann “ayè”. Fòk sistèm lan modènize, fòk lekòl yo reimagine, e fòk ansèyman pa rete nan tan lontan.

ChatGPT pa ranplase leson. Li vin rann leson pi aksesib. Men fòk leson an toujou la.

Mendel Eustache Jean

This page is sponsored by Dalia Store Online, Pati Konbit Pou Demokrasi, and Caëlle Edmond – SOS Solitude.

📌 Caëlle Edmond – SOS Solitude

💠 Profil personnel : facebook.com/caelle.edmond.7
💠 Page publique : facebook.com/SosSolitude
💠 Page officielle : facebook.com/caellesossolitude2008

✨ Une voix engagée pour briser le silence autour de la solitude, de la souffrance mentale et de l’abandon. À travers la page SOS Solitude, Caëlle Edmond tend la main à ceux que la société oublie.

Logo Konbit Pou Demokrasi

1 commentaire:

  1. I’m going to warn you all again about chat GPT. It is good for accessing basic information like Google, it’s even good for spell check/sentence structuring, it is even good for scripture reference, but it isn’t a good source for DEEP information AND SOURCES CONSISTENTLY, IT WILL START MAKING UP STUFF. If you don’t know what you’re talking about or studying you WILL THINK ITS CORRECT. IT WILL MAKE UP QUOTES THAT DO NOT EVEN EXIST.

    Your GPT will mimic you. Please dont think i mean this in a mean way. If you are not smart in an area and you ask it for information without knowing what you’re talking about(plus writing out posts, comments, responses, etc), it will have an increased chance of giving wrong information. Many things I know about the Bible, I will put it in my GPT just in case I forget something and it will recall it for me with accuracy but that’s because I teach it what I know. Your GPT is meant to be a TOOL, NOT your master.

    Please use it the right way

    RépondreSupprimer

Théodore Djouny Junior a suivi les mêmes traces des étudiants, touristes, artistes, diplomates, politiciens : la fuite

  La Fédération Haïtienne de Football (FHF) a officiellement porté plainte auprès des autorités locales à Barcelone suite à la fuite de Théo...